Pwojè a

 

Fondasyon yo te prepare an 1791, ane revolisyon an kòmanse a, nan Abitasyon LaSaline—pc:—pc: Curci

 
 
 
tang.78df4392.jpg

Dènye vèsyon:: Yo fèk ekri yon atik ki fè yon analiz sit wèb Mete Revolisyon Ayiti a sou kat jeyografik ak ilistrasyon nan archipelagos. Jounal la parèt, nou gen anpil rekonesans pou editè yo ak moun ki ekri atik la pou remak valab yo te ban nou. Anpil nan chanjman yo te sijere yo deja nan nouvo vèsyon sit wèb la.


Stéphanie Curci ak Chris Jones se pwofesè anglè ak istwa, nan lekòl Phillips Academy Andover, kote yo anseye yon kou entèdisiplinè ki rele “Istwa ak Literati Revolisyon Ayiti a” epi se yo ki mentni sit sa a tou. Mete sou sa, Stéphanie Curci kreye sit Mapping Haitian History li fè antretyen ladan, se yon sit dosye vizyèl pou sit istorik ak sit kiltirèl Ayisyen.

Nou kreye sit sa a etan n ap panse a plizyè gwoup moun diferan. Pi gwo rezilta n ap chache se ede etidyan nou yo konprann istwa konplike Revolisyon ayisyen an nan divès epòk. Etidyan sa yo se elèv lekòl segondè k ap etidye yon seksyon ki pi kout sou Revolisyon ayisyen an. Nou te vle kreye yon materyèl pou lòt pwofesè k ap anseye nan klas segondè ki kab ap chèche materyèl edikatif ann angle oubyen k ap chèche materyèl pou ranfòse yon chapit sou Revolisyon ayisyen an.

Elèv nou yo pale plizyè lang epi yo soti nan plizyè peyi, men nou se yon lekòl Ameriken ki fè kou ann anglè. Nou kreye sit sa a ann anglè, nou li plizyè kalite liv men finalman nou konekte chak pwen sou kat la ak yon sous enfòmasyon ki ann anglè kon sa pwofesè yo va jwenn enfòmasyon nan lang sa a. Nou rekonèt pwoblèm ki genyen nan afè pouvwa nan yon apwòch kon sa. Si sit la vin itil, nou swete n ap kab mete l a dispozisyon moun nan lòt lang. Sit la disponib nan lòt lang—panyòl, franse, angle—avèk èd ekip CreoleTrans la.

Se Stéphanie Curci ak Chris Jones ki te devlope pwojè sa a gras ak sipò Tang Institute epi yo fè li ak Axis Maps. Nou te itilize kat ki soti nan Bibliyotèk John Carter Brown ak Bibliyotèk Nasyonal LaFrans. Nou gen anpil rekonesans anvè Tang Institute ak Axis Maps pou sipò yo ak pwojè dijital sa a.